Mizopwen pou Bito David ki panse nou bat ko nou twop ak pawol Bondye, Bondye n ap rakonte a! – kerlenstilus

0
97

 

Bito, nan lavi gen de eksperyans yon neg fe ki makel e ki detemine ak motive tout aksyon ke li poze e tout res vil. Bito, banm diw kiyes mwen ye an kelke liy e poukisa mwen se yon kwayan nan Granmet la, e poukisa mwen pa swiv pyes relijyon etabli, menm pran la Bib pou bousol mwen e mwen pale ak tout moun k ap fe sa ki byen. Manmanm ak papam marye na mwa dout 1974. Apre 3 mwa, manmanm al viv Kanada kotel t ap travay e t ap preparel pou l rantre nan Inivesite Monreyal. Nan mwad Jwen 1975, manmanm gen yon sel maladi ki pranl, pyes dokte pat ka we sal genyen. Li te setoblije tounen ann Ayiti al jwenn maril ki t ap prepare poul rantre al jwenn li Kanada. Le manmanm rantre Potoprens, menm jou a li al Senmak kay granpapam ki te yon gwo Towo nan koze vodou nan Latibonit. Yo vin jwenn poukisa manmanm te malad e kimoun ki te atakel nan kesyon pratik okilt. Kom fe koupe fe, manmanm pa mouri, menl pa janm fin geri net. Alos, li vin gen yon maladi yo kategorize tankou maladi mantal. Manmanm vin ansent mwen e mwen fet le 8 Avril 1976. Lem fet, dokte te gentan predi m ap otistik e mwen pap ka aprann lekol. Sa te deranje papam ki te chwazi mete Ti Semine Sen Masyal, omwen sim fe prime ma ka ekri nonm, e ma ka jere biznis fanmi an genyen. Monche Bito, se pa dyole, depi nan matenel m ap briye Semine jouk mwen ateri nan Telejeni nan Filo.
Lem fin fe filo, mwen rantre nan Fakilte Lengwistik ak Syanzimen kotem loreya nan konkou admisyon tou 2 fakilte yo e nou etidye. Mwen fe tout vim rive jiska 21 nan mwen pa janm malad. Men an 1998, mwen vin malad e dokte te di mwen pap janm gen yon vi nomal pou m ap travay, marye e viv endepandan. Kom mwen leve nan legliz e se lapriye mwen te genyen kom zam, mwen itilizel. Mwen refe e an Fevriye 2000 mwen rantre vin Nouyok poum vin kontinye etid mwen paske depim fin li Jules Verne nan laj 15 zan, rev mwen se poum te yon fitiwolog. Mwen pat menm konn sak te fitiwoloji, se yo pe nan lekol la ki te dim Jules Verne se yon fitiwolog. Kom mwen te gentan fe lengwistik ak travay sosyal, poum te ka preparem poum fe etid fitiwoloji yo, mwen retounen nan inivesite kotem fe 3 lisans nan 3 zan: Ekonomi, Jesyon ak literati konpare. Lem fin pran lisans mwen yo, mwne di tet mwen anvanm al angajem nan etid avanse, banm kenbe yon metriz nan menm ki ka banm manje kelkeswa kotem ye. Mwen fe yon metriz nan edikasyon ak espesyalizasyon anseyman lang franse ak matematik nan menm inivesite a. Mwen gradye an 2006 ak metriz mwen e mwen ansenye pandan 5 kan. Mwen vin pa renmen jan sistem lekol Nouyok yo ap mache, mwen kite zafe fe lekol la, m al travay nan Depatman Trezo, prensipalman nan IRS. Mwen deside an 2013 al etidye Jesyon piblik ak relasyon entenasyonal kanada nan inivisite Ottawa. Depi 2012 m ap pran fomasyon fitiwoloji ak plizye sant rechech kom manm World Futures Studies Federation. Nan domen fitiwoloji a, mwen fokis sou 2 bagay: Ayiti, espirityalite ak sante mantal. Alos, se poum diw le m ap pale de devlopman, mwen konn sa m ap di paskem fe etid pou sa. Le m ap pale de espirityalite, mwen konn sa m ap di paskem etidye tout gwo relijyon ki egziste nan monn nan e mwen analize, mwen chache pwen komen yo genyen. Se sak pemet mwen vin konprann ke Bondye pa nan yon relijyon an patikilye, men Bondye tout kote, anndan tout moun, nan tout sak egziste nan lanati ak linive.
Bito, mwen etidyeTeyoloji pratik ak liberasyon ak pe Spiriten yo, e mwen gen plis pase 35 kan depi m ap etidye labib kom kretyen. Mwen defye tout prediksyon ki te fet sou vim yo poum vin yon pwofesyonel e yon papa responsab k ap jere yon fanmi. Bito, mwen pa janm al bat kat, ni limen balen; se ajenou mwen konn mete poum priye. Mwen ta sipoze yon neg ki femen nan sant sikyatri sim te byen konprann sa dokte te dim, menm se yon pwofesyonel k ap travay nan domen sante mantal k ap ede moun goumen ak gwo maladi tankou skizofreni. Etid mwen fe nan fitiwoloji banm zouti poum travay kom yon terapis, yon konseye an reyabilitasyon. Banm diw yon lot ti bagay Bito. Mwen te enterese ak fitiwoloji se paske moun tankou Pe Claude Souffrant, pe Max Dominique, pe Antoine Adrien, Monsenye Guire Poulard, Monsenye Kebreau te toujou fem konprann pou yon moun konprann e sezi konpleksite pwoblem Ayiti a fok ou konprann pase peyi a istwa li, fok ou konprann sakappase nan tan prezan e fok ou ka reflechi an fonksyon de konesans pase, prezan sou fiti peyi a. Se sak fitiwoloji. Sa vle di mwen aprann konnen kijan yon peyi mache, kijan yo konstwi yon peyi. Se sak fe mwen etidye sistem politik anpil peyi e diferan sivilizasyon. Men, youn nan bagay ki enteresem nan sosyete moden yo sitou se ki wol espirityalite jwe nan lavi politik. Mwen fe etid ki trezavanse sou Ejip ak Izrayel.

Bito, tout gwo peyi loksidan ap fonksyone sou egrego masonik, sa vle di, franmasonri okipe yon gwo plas nan vi peyi sa yo, daye nanm kolektif la se sou prensip masonik li chita. Kew pran Langlete, Espay, Itali, Lafrans, Kanada, Etazini, menm kout bwa a. Neg ki di yo se Jwif yo gen Kabal. Mwen few rechech tou sou espirityalite afriken. Kidonk frem, mwen pa yon neg k ap mache deye moun ni k ap pale sal pa konnen. L ap difisil pouw li yon liv sou metafizik ak ezoterism poum pa lil deja. “Le livre d’Urantia” repoze bo tet kabann mwen frem. Bito, mwen konprann sak chita deye tout relijyon gen moun fonde. Jezikri pat fe relijyon e la Bib defini relijyon kom pratik ki mande pouw pran swen ofelen ak mouv ki pa gen mari e pouw viv dwat pouw pa fe moun mal e pouw pa fe mechanste. Al nan Jak chapit premye, w ap jwenn sa labib di de relijyon. Kom mwen fet nan yon fanmi ki te nan vodou, mwen fe 14 zan nan yon lekol katolik, mwen fe vim nan legliz pwotestan e jodiya m ap sevi Bondye e mwen se yon relijye selon jan labib definil, m ap fe byen, m ap sipote moun ki pa ka sipote tet yo.
Frem Bito, se pa ekri mwen konn ekri byen, menm konn miste kache yo ki nan liv. Ke se mitoloji ejip, gres, Wom, kretyen, Boudis, ak tout lot yo, mwen metrize sa. Mwen fenk fin li tout liv Lobsang Rampa yo ak refe yon pase men sou Le livre des morts Tibetains. Gran frem, mwen pa nan lekol miste, mwen pa inisye nan anyen, mwen jis selon prensip granparanm te banm: respekte lavi, pa fe moun mal, e viv ak sam genyen. Mwen pa nan limen balen ni bat kat frem. Men, kwem siw vle pa gen pi gwo maji ke lanmou ak lapriye. Alos Bito, mwen vle few konnen kem konn sa ki mal, mwen konn sa ki byen. Mwen konn sou ki prensip monn fizik la tabli, mwen konn sak monn kozal la e mwen konn sak monn astral la. Mwen ka we sa moun ki bo kotem pa ka we, menm pa nan fe maji frem. Bondye banm don natirel. Lavim se yon mirak Bito e mwen kwe nan Bondye e mwen konnen pa gen anyen li pa ka fe. Loksidan kreye relijyon, pandan setan se li k ap fe malfekte repete pa gen Bondye. Sim pat fe filozofi ak metafizik poum konnen tout moun ki fo mantalman e ki gen gwo responsabilite kwe nan egzistans yon Granmet, le ti vakabon ann Ayiti ki pran poz savan yo ap ranse, mwen ta kouri. Bito frem, Ayiti pa piti; monn nan pa piti. Gen gwo fos k ap kontwole monn nan. Konnen nan ki kan ou ye. Mwen pa chwazi kan pam nan, mwen fet ladanl e m ap rete ladanl. Mwen pa gen zanmi ni fanmi devan Kreyate m nan, e mwen konn ki plan ak ki misyon li gen pou mwen. Je puis tout, par celui qui me fortifie. Dyab pa ka manjem Bito, enmi pa ka atenn mwen, pa paske mwen fo ni mwen konn kek bagay, se paske Kreyate a fem konnen l ap pwotejem. Bito, vi pam se yon vi konba, se goumen m ap goumen chak jou poum rete an vi e fe sak bon. Bito, mwen konprann lavim e mwen konprann lavi pep pam nan, pep ayisyen an.
Bito, ou dim abondan, ou dim ekri anpil; banm few sezi, mwen ekri 30 a 40 paj chak jou. Apenn sim pibliye 6 a 8 paj. Ou poko we abondan Bito. Se le batay Amagedon an fini, pou nou antame nan mete moun pou konstwi Ayiti. Se le sa w ap konn sam ka fe, si w ap viv toujou paske yon neg ki pa kwe ke kreyate a ka fe tout bagay, li pa merite viv poul we gwo mevey ki pral fet ann Ayiti. Bito, mwen konn istwa krisyanis. Se pa kretyen Wom mwen ye. Mwen se kretyen paske m ap swiv doktrin Jezi ki te rive nan nivo konsyans ki rele Kris la. Mwen gen poum vin yon Kris tou frem, se sou wout la mwen ye la. Bito, mwen pran risk, anpil risk. Depi 2007 m ap teste teren an e mwen fe tout malfekte konnen kem la e yo pa ka manjem. Koulye a, mwen poze poum regle sa poum regle pou tet mwen, pou peyim ak limanite. Bito, zafe kremol esklavaj, eksplwatasyon n ap pale ke Labib mete nan monn nan. Zafe n ap mache rakonte ke Jezikri pa egziste, ke Bondye se Bondye blan ki pa gen anyen pou we ak moun nwa, se zafe dyab nou pou nou ka manje moun. Gen yon sel ras: la race humaine. Zafe blan, nwa se divesyon pou malfekte regle afe yo. Wi, moun ki gen po blan ap fe moun ki gen po nwa soufri; men se pa sa ki pwoblem nan frem Bito. Pwoblem fondamantal la se mechanste, rayisans, foli domine moun, foli gen pouvwa ak gen lajan. Gen bandi blan, gen bandi nwa, gewn bandi jon. Kom se blan yo ki gen monopol vyolans ak banditis legal la, se sou yo nou lonje dwet; menm konnen gen pwop Ayisyen parey mwen ki mechan menm jan ak blan esklavajis la e pi mal menm. Bito, ou met di mwen gen pwoblem mantal, men tet mwen kle. Sim pat fet janm fet la, mwen ta gen laperez, mechan te ka manjem deja. Men, fok mwen te fet yon jan poum pa menm panse ke mechan ka fem mal.
Bito, mwen se yon neg ki gen anpil diskresyon. Gen de bagay mwen konnen sim ta diw yo, w ap gen pwoblem pouw domi e pouw fonksyone. Anvan lontan, w ap konnen yo paske ou pa fet pouw ap domi byen chak swa nan kondisyon Ayisyen ap viv la pandanw chita ak yon bann neg se zafe divizyon n ap regle. Bito, mwen konprann jwet la frem. Grasadye, nou pa ka dim sot e nou pa ka di m ap chache ran, ni mwen deye lajan, ni mwen gen foli pouvwa. Zafe chef pa enteresem. Kom mwen se yon solda, kote Jeneral mwen voyem, mwen prale. Destenm pa depann de pesonn. Destenm nan men Bondye ki kreyem ak nan menm ki gen “lib abit”, ki ka fe chwa mwen vle. Bito, mwen fenk kare ekri, e pa gen moun ki ka kanpem sou wout mwen. Mwen pa pe mouri e mwen poko ap mouri frem. M ap viv poum goumen e poum patisipe nan liberasyon Ayiti e konstriksyon Nouvel Ayiti. Mwen pap fe polemik ni pale anpil ak pesonn frem. Mwen pa gen tan pou sa. Sel sam konnen, jounen jodi a se batay mistik la k ap fet pou ajan chanjman yo netralize malfekte yo ki fe monn nan pa ka anpe, ki fe malere pa ka jwenn lavi. Bito, nou pa egare. Nou pa pe ni malfekte blan, ni malfekte nwa, ni malfekte jon. Nou fet Ayisyen, n ap mouri Ayisyen. Ayiti anchene depi 17 Okton 1806, n ap batay poul dechennen. Ale di yo sa Bito, frekansite ki te fet an 1806 la pap janm refet anko le bandi yo fin netralize. Ayiti ap remet esklavajis yo kou yo bay Ayiti le yo reyisi touye Desalin ak konplisite Petyon, Rigo ak lot Jeneral nwa yo ki pat vle pep la jwenn nan riches peyi a. Bito, se pa esklavajis yo ki aprann nou listwa peyi Dayiti. Nou gen kapasite poun al nan monn astral poun we sak te pase. E gen jeni k ap enstwi nou sou listwa limanite, monn nan ak Ayiti. Bito, nou pa egare.
Bito, l’athee qui n’est pas pantente, Dieu est la Lumiere, le Souffle et la Parole. Il est celui qui a ete, qui est et qui sera. Au Commencement etait la Parole, la Parole etait avec Dieu et la Parole etait Dieu. Retournons a nos moutons: La priere est la cle de tous les maux et de tous les problemes. Bondye fe lom ak entelijans e li bal mwayen poul fe dekouvet e fe tout sak bon ki pou edel viv. Men, yon ti gwoup malfekte deside pitit Bondye pa dwe viv. Yo ranje konplo yo, bay manti, kreye divizyon, kreye eksplwatasyon epi yo panse yo ka pase Bondye nan tenten. Bito, nou pa egare. Nou gen kle ezoterik pou nou li Labib ak tout liv mistik kote verite a kache. Bito, nou ka pran poz fou nou pou nou fonksyone, men san konnen an, nou wel, nou viv li, nou santil e pesonn pa ka retirel nan tet nou paske li se verite e n ap dil tout tan, tout kote jiskalafen. Bito, Kerlens Tilus pa egare e nou pa egare.

Kenbe fem frem. Na we yon premye Janvye kote n ap poze fondasyon Nouvel Ayiti a ak tout moun ki vle, tout moun ki vle viv nan lanmou, nan lape, nan linyon. Bito, tout moun ki sou mailing list mwen se jeni k ap mache avem nan ki chwazi yo. Se pa mwen ki chwazi voye imel, ni teks bay pesonn, se met mwen ki voye imel bannou. Nou ka li yo, nou ka inyore yo. Kesner Pharel te dim pa voye imel ba li yon jou, men sa Kesner Pharel pa konnen se ke li se yon akte k ap pwofite de sisteme peze souse a, e yo jis bal chans poul tande yon pawol nef poul ka chanje fizil zepol. Bito, mwen pap kanpe pou limye wouj. Di Bondye mesi, ou sou lis sa, ou ka lim. Nou tout ki nan fe nwa e ki vle kenbe pep la nan fenwa gen chans pou nou repanti, pou nou konveti, pou nou dako Ayisyen ak Ayiti dwe viv nan lape. Bito, siw reponn mwen toujou, m ap monte nan lot dimansyon ak ou poum montrew mwen pa egare e nou pa egare. Jan Fidel Castro ta di: Hasta la Victoria Siempre. Ayiti pap peri Bito! Ayisyen ap refe yon lot 1804 we pa we; se sou wout la nou ye la frem. Se espri k ap goumen ak espri. Le Divin triomphera. Je ne suis pas dans un reve Bito, je sais de quoi je parle. Je suis un messager, un soldat de l’armee Bizango, un simple serviteur. Servir est ma destinee, serviteur est mon seul titre et ma profession.
Kerlens Tilus, yon mouton ki anba yon gwo lyon ki rele Jezikri k ap fe bri pou fe malfekte konnen ke Ayiti gen met e Ayisyen pap viv kom esklav pou tout tan.

KERLENS TILUS

LAISSER UN COMMENTAIRE

Please enter your comment!
Please enter your name here